University of FloridaSolutions for Your Life

Download PDF
Publication #ABE375HAI

Enstalé Panno Sou Fénèt1

Hal S. Knowles, III, Kathleen C. Ruppert, Karla A Lenfesty ak Barbara Haldeman2

Zòn ki plis fasil pou resevwa damaj nan siklòn sé Fénèt ki pa pwotéjé. Jan nou te diskité nan dokiman nou-an, Èske Kay nou Paré?, fénèt ki krazégen dwa kite van-an ak lapli rantré nan kay-la é petèt rache do-kay-la.

Ki Sa Ki Bay Fenèt Sékirite?

Genyen moun ki kole mòso adezif sou vit fenèt pou pwoteje yo. Kole adezif sou fenèt PA fè vit-la pi solid é li PA kapab pwotéjé kay-la si youn bagay frappe-li.

Menm vit ki fèt pou rezisté gwo van gen dwa krazé lè presyon van-an ap pousé sou tout enkadreman fenèt-la. Menm jan-an, papyé plastik éspesyal ke moun mete sou vit-yo pa kapb pwotéjé kay-la tou kont-li. Sèl jan pou pwotéjé fenèt sé enstalé panno.

Kouman Pou Mwen Chyazi Panno Ki Bon Pou Mwen?

Chak mèt kay fèt pou chwazi panno ki meyè pou li. Bagay pou nou konsidéré sé: Konbyen lajan ke ou genyen, pouki sa ou bezwen-li, konbyen pwoteksyon ou bezwen.

Panno kapab pwotéjé kont bagay kap volé nan lari-a ouswa kont presyon van ap mete sou fénèt, gwo pòt ki genyen vit, pòt a vit ki sou koulis,ak tout lòt ouvèti. Kelke swa ki kalité panno ou chwazi, se jan ou enstalé panno-yo ki pi enpòtan nan zafè pèfòmans.

Lòt Bagay Pou Nou Konsidéré

Si tout fwa pi gwo pwoteksyon se sa ke ou vlé, fè posib ou pou chwazi pwodwi, fòk ou acheté pwodwi ké Konté Miami-Dade di ke ou kapab itilizé (Gadé nan adrès pwodwi ke nou bay anba-la). Men enstalé panno sèlman pa asé. Li trè enpòtan pou nou itilizé bon jan teknik konstriksyon pou panno-yo kenbé fòs-yo é redwi chans pou bagay pa vole vini frape nou. Bagay pou nou gadé:

  • Retiré tout bagay ki deyo nan lakou kankou chèz, tab, bwèt fatra/bwèt resiklaj, plant, etc.

  • Mete panno pou pwoteje stikty ankadreman kay-la, PA fenèt ak enkadreman pòt.

  • Itilizé matryel ak panno-yo ki pa pe rouyé, kankou panno pou siklòn, vice boulon, etc.

Lòt Resous

Konté Miami-Dade | Obeyisans Règ Bilding Pou Chèché Pwodwi http://www.miamidade.gov/building/home.asp [5/29/12]

NOAA & AOML | Panno Plywood pou Siklòn http://www.aoml.noaa.gov/hrd/shutters/index2.html

Ki Opsyon Panno Ke Nou Genyen?

Foto Panno Kalite Panno Ak Detay Pri

Figure 1. 

Sous: Estansyon Konté St Lucie


[Click thumbnail to enlarge.]

Woldon Otomatik $$$$$

Panno sa-yo vini dan youn woulo ki kenbé andedan youn bwèt ki anlè ouvèti ke li sipoze pwotéje-a. Yo fèt jeneralman ak bon jan metal ak kadna anba.

Pou: vini tou enstalé, fasil pou itilizé, vini ak mote tou.

Kont: trè chè.

__________________________________________________________________________

Figure 2. 

Sous: www.hurricaneshuttercompany.com


[Click thumbnail to enlarge.]

Akòdeyon $$$

Yo ralé panno sa-yo sou koté de bò ouvèti ki ap pwotéjé. Yo fèt jeneralman ak bon jan metal ak youn kadna ki kenbé yo ensenm lanmitan ouswa sou youn lòt pyès ki divizé-yo.

Pou: vini tou enstalé, fasil pou itilizé.

Kont: yon ti jan chè, pa twò bel sou yon plan achitèkti.

__________________________________________________________________________

Figure 3. 

Sous: Pwogram Ki Monitè Kòt Laflorid


[Click thumbnail to enlarge.]

Ònenn $$$

Panno sa-yo desann tou dwèt sou miray-la é yo fèmen yo ak kadna sou miray-la. Yo fè yo ak metal ouswa fabèglas é yo bay bon jan lonbraj lè yo pap itilizé-yo.

Pou: vini tou enstalé, fasil pou itilizé.

Kont: yon ti jan chè, pa twò bel sou yon plan achitèkti.

__________________________________________________________________________

Figure 4. 

Sous: www.stormshutters.com


[Click thumbnail to enlarge.]

Ònenn Bahama ak Panno Kolonyal $$$

Ou gen dwa itilizé panno sa-yo kankou Onenn (Ki bay lonbraj lè ou pap itilizé-li) ouswa stil Kolonyal.

Pou: vini tou enstalé, fasil pou itilizé, bel sou yon plan achitèkti.

Kont: yon ti jan chè, Fòs–yo depann de fòm-yo.

__________________________________________________________________________

Figure 5. 

Sous: www.stormshutters.com


[Click thumbnail to enlarge.]

Kadran pou Siklòn $$-$$$

Panno sa-yo fèt ak youn twèl sire ki trè solid ki redwi domaj van-an ak fòs enpak debri.

Pou: pa trò chè, kite limyè pasé, fasil pou plyé séré.

Kont: yon ti jan modèn, enpak debri gen dwa krazé vit fenèt ki gen kontak ak kadran-an. Meyè pou ouvèti ki pa genyen vit.

__________________________________________________________________________

Figure 6. 

Sous: Pwogram ki Monitè Kòt Laflorid


[Click thumbnail to enlarge.]

Panno pou Siklòn $$

Panno sa-yo fèt pou retire ak enstalé sèlman lè gen siklòn.. Yo fèt en fè, aliminyòm é yo rentré andedan yon trak an metal ki déja enstalé sou miray-la, anba ak anwo ouvèti ke li sipozé pwotéjé-a,ouswa ou kapab monté yo direkteman sou miray-la ak vis.

Pou: bon maché, solid.

Kont: souvan yo lou, difisil pou enstalé é sere.

__________________________________________________________________________

N/A

Plywood $

Gadé dan dokiman-nou-an “Pwotéjé ak Plywood” pou plis Enfòmasyon.

Footnotes

1.

Dokiman sa-a se ABE375HAI, pati 2 dé 5 nan Edikasyon + Aksyon = Coleksyon Kontwol Dega Van. Dat piblikasyon: Novanm 2005. Re sètifye 2010

2.

Hal S. Knowles, III, rechèch associate, Pwogram pou Resous Bon Jan Kominoté; Kathleen C. Ruppert, Ekstansyon syantis, Sévis Estansyon Enèji Laflorid; Karla A. Lenfesty, espesyalis kontwol eega van siklòn, Estansyon Kopératif pou Konté St Lucie, Enstiti pou manjé ak Syans Agrikiltirèl,Inivvèsité Laflorid; Barbara Haldeman, asistan editè, Sèvis Estansyon Enéji Laflorid.

Pwogram Kado nan Depatéman Laflorid sou Afè Kontwol Konstriksyon Rezidans nan Kominoté-a péyé yon pati nan piblikasyon-an.


The Institute of Food and Agricultural Sciences (IFAS) is an Equal Opportunity Institution authorized to provide research, educational information and other services only to individuals and institutions that function with non-discrimination with respect to race, creed, color, religion, age, disability, sex, sexual orientation, marital status, national origin, political opinions or affiliations. For more information on obtaining other extension publications, contact your county Cooperative Extension service.

U.S. Department of Agriculture, Cooperative Extension Service, University of Florida, IFAS, Florida A. & M. University Cooperative Extension Program, and Boards of County Commissioners Cooperating. Nick T. Place, Dean.