University of FloridaSolutions for Your Life

Download PDF 
Publication #ABE377HAI

Sipò Pou Do-Kay1

Hal S. Knowles, III, Kathleen C. Ruppert, Karla A. Lenfesty ak Barbara Haldeman2

Do-kay-la kenbé kay-la konfòtabe sèk. Sepandan lè gwo van siklòn apé souflé, do-kay ki pa te byen bati ouswa ki te pa byen tréte pap kenbé. De twa konsey pou éde sipòte do-kay nou.

Figure 1. 

Sous: Enstiti pou Sekirite Biznis ak Kay

Poukisa Fòm Do-Kay Fè Diférans?

Do-kay ki gen tèt pwenti vinn gen plis pwoblèm lè van-an ap vini antravè. Do-kay ki gen tèt ki pa trò pwenti pèmèt van monté. Do-kay ki gen yon pant ant 3:12 ak 6:12 (plan antravè: monte vètikal ) bay plis sékirite.

Do-kay Hip ak do-kay Gable pi popilè nan eta Laflorid-la. Pou tèt jan yo fèt-la, do-kay Hip genyen plis rezistans kont pwa gwo van.

Do-kay Gable yo gen dwa pibon si nou fè yon ti aranjman.

Figure 2. 

Mete Sipò Kwazé (“X”) Ankadreman “A”)

Premyèman, enstalé sipò ki fèt an kwa ant prémyé sipò do-kay-la ak katryèm sipò do-kay-la. Fè atansyon, sonjé pou nou mété “X” andedan “A”.

Maré Byen Pou Sipò Yo Pa Pousé Yon Lòt (Efè Domino)

Dézyèmman, enstalé sipò entravè pou kenbé tout lòt sipò vètikal yo ansanm lè van ap pousé fò. Nou kapab wè sa nan foto ki sou bò gòch-la. Fè atansyon, sonjé pou nou évité “efè domino-a”.

Figure 3. 

Twazyèmman, enstalé panno tòl sou tout twou ki fèt pou lè antré sou devan Gable-la koté miray-la rive. Si nou ap konstri yon kay nèf ki genyen yon do-kay Gable, konsidéré itilizé ekstansyon miray ak ankadreman balon. Sa kréyé yon miray solid ak bonjan ankadreman de anba miray-la pase andedan do-kay-la sou bò gable-la yé.

Kréyé Yon Sipò Kontini

Yon Kay fèt ak yon pakèt mòso ki kolé ansanm. Si genyen yon mòso ki frajil, rès kay-la gen dwa tonbé. Si pou sa ké li enpòtan pou nou kréyé yon sipò kontini ant atè-ya ak tèt kay-la. Sa ap pèmèt kenbé strikti kay-la ansanm é rézisté gwo fòs van ki vini ak siklòn.

Yon sipò kontini mandé pou nou konekté do-kay-la ak miray-yo, prémyé étaj ak dézyèm étaj, é mirayyo ak fondasyon. Nou ka fè sa-a ak senti espesyal pou siklòn ke nou mété de tèt kay-la a miray-yo é atè-a konékté ak lòt pyès atè a, é vise ak gwo boulon de miray-yo a koneksyon nan fondasyon-an.

Figure 4. 

Genyen anpil senti pou siklòn ak lòt bagay pou f è kay-nou solid. Rasiré-nou ké senti-yo ak tout lòt bagay ke nap achté apwouvé pou Règ Konstriksyon Konté Miami-Dade. Toujou itilizé enstriksyon manifaktirè lè nap enstalé.

Bon Jan Pou Nou Kouvri Do-Kay Ak Fèy Plywood Ak Shingle

Lè nou pa byen enstalé ouswa nou itilizé mové kalité matéryo, shingle pou do-kay, siding, ak lòt matéryo pou deyò kay-la, gen dwa alé ak van-an. Lè sa rive, van ak dlo kapab rantré andedan kay-la, é détwi kay-la. Konsa tou, matéryo-sa-yo vini danjéré lè van siklòn raché-yo. Bon téknik nan taché, mare kay gen dwa ampéché matéryo volé nan gran jan van siklòn.

Enstalé papyé éspesyal pou ankadréman do-kay ak klou éspésyal ak tèt plat ki pézé dis-peni ouswa ywit-peni. Mété-yo kat pous entèval sou koté, é sis pous entèval nan mitan, fèy plywood la. Itilizé lakòl pou bwa anba fèy plywood-la sou koté bwayo kwazé ak sipò-yo.

Klou éspésyal ak tèt plat-yo kenbé plis byen nan bwa paséké yo genyen zanno sou tout kò-yo. Zanno sa-yo mòde nan fèy plywood ak ankadreman é rézisté gwo fòs van kap voyé monté anro.

Figure 5. 

Lòt Résous

Alyans Federal Pou Kay Ak Sekirité www.flash.org

Federal Emergency Management Agency | Prevansyon Pou Dezast & Bibliotèk Pou Preparasyon www.fema.gov/library/

Divizyon Laflorid Pou Manajman De Sekou | Paj Enfòmasyon www.floridadisaster.org/

Enstiti pou Sekirité Biznis ak Kay http://www.disastersafety.org/

Inivèsité Laflorid| Liv Sou Dezast http://disaster.ifas.ufl.edu/

Footnotes

1.

Dokiman sa-a fè ABE377HAI, pati 4 de 5 nan Edikasyon + Aksyon = Koleksyon Kontwol Dega Van. Dat piblikasyon: Novanm 2005. Re sètifye 2010.

2.

Hal S. Knowles, III, rechèch associate, Pwogram pou Resous Bon Jan Kominoté; Kathleen C. Ruppert, Ekstansyon syantis, Sévis Estansyon Enèji Laflorid; Karla A. Lenfesty, espesyalis kontwol eega van siklòn, Estansyon Kopératif pou Konté St Lucie, Enstiti pou manjé ak Syans Agrikiltirèl,Inivvèsité Laflorid; Barbara Haldeman, asistan editè, Sèvis Estansyon Enéji Laflorid.

Pwogram Kado nan Depatéman Laflorid sou Afè Kontwol Konstriksyon Rezidans nan Kominoté-a péyé yon pati nan piblikasyon-an.


The Institute of Food and Agricultural Sciences (IFAS) is an Equal Opportunity Institution authorized to provide research, educational information and other services only to individuals and institutions that function with non-discrimination with respect to race, creed, color, religion, age, disability, sex, sexual orientation, marital status, national origin, political opinions or affiliations. For more information on obtaining other extension publications, contact your county Cooperative Extension service.

U.S. Department of Agriculture, Cooperative Extension Service, University of Florida, IFAS, Florida A. & M. University Cooperative Extension Program, and Boards of County Commissioners Cooperating. Millie Ferrer-Chancy, Interim Dean.