University of FloridaSolutions for Your Life

Download PDF 
Publication #ABE379HAI

Kouman Van Afekte Kay 1

Kathleen C. Ruppert, Hal S. Knowles III, ak Karla A. Lenfesty 2

Fòs van se yon bagay ki trè komplike. Efèt van sou yon bilding depann de plizyè varyabs. Varyab ki natirèl gen dwa vitès van-an, wotè van-an, bagay ke yo jwen atè, e sa ki nan lè. Varyab bilding konpoze de fòm, zòn, ak pwopriyete fizik bilding-nan. Ansanm, pwopriyete sa-yo kreye diferans nan presyon ki pouse e ki rale sou sifas deyò kay-la.

Kouman Fòs Van Afekte Kay

Figure 1. 

Lè van-an pase anlè do kay-la li fòse li pou li leve. Menm jan ak zèl avyon, van pase anba do kay-la li leve do kay-la tandi ke van pase anlè do kay-la li rale do kay-la leve.

Figure 2. 

Lè presyon van-an ap vini antravè sou kay-la, li kreye yon aksyon ki koze kay-la pou li vini panche ouswa deplase de fondasyon li.

Figure 3. 

Menm presyon van sa-a gen dwa fè kay-la woule sou fondasyon si li pa kapab panche ouswa deplase de fondasyon li.

Sèlman Pi Fò Ke Pati Ki Pi Fèb-la

Yon kay ki solid fèt pou li reziste twa efè van sa-yo. Pati deyò kay-la aji kankou yon anvlòp pou kay-la. Gade anvlòp sa-a kankou yon kouvèti kont eleman ke ou jwenn deyò kankou chalè, imidite, ak move tan. Yon kouvèti ki solid by kay-la plis sekirite e fè moun ki andedan-yo pi konfotab.

Pati ki fè strikti kouvèti bilding nan se fondasyon, miray, ak do-kay. Yon anvlòp ki solid genyen yon sipò kontini. Sipò sa-a konekte tout pati strikti anvlòp bilding-nan kankou yon skelèt nan kò imen konekte mam kò-nou.

Pati ki pa fè kò ak strikti bilding-nan se fenèt, pòt, pòt remize, ak lòt ouvèti nan strikti-a. Pati sa-yo pwoteje andedan kay-la kankou po nan kò imen pwoteje ògann nou.

Pati ki pi fèb nan anvlòp kay-la se li menm ki ap gen plis chans pou tonbe nan yon move van. Lè yon siklòn ouswa yon tònad frape, kay-la sèlman pi fò ke pati ki pi fèb-la.

Pou plis inòmasyon an detay sou afè anvlòp kay ki bay rezistans a van, tanpri li lòt fèy papye ke nou genwen nan Edikasyon + Aksyon = Seri Kontwol Van.

Kouman Fòs Van Kreye Dega

Fòs van gen dwa kraze sipò kontini nan yon kay ouswa pete yon twou nan anvlòp bilding-nan. Pafwa fòs aktyel van-an gen dwa koze yon pòt ouswa yon fenèt pou ouvè pa fòs.

Genyen de fwa van gen dwa ranmase debri nan lari-a e voye yo kont anvlòp kay-la. Ekzanp debri ki kapab vini gwo danje ak van-an, se shingel sou do-kay vwazen, moso bwa, ouswa mèb nan lakou ke mèt-yo pa te ranmase.

Kou fòs vav-an pete anvlòp kay-la, strikti kay-la vini nan pi gwo danje. Dlo vini yon lòt gwo pwoblèm ke van-an pote ak lapli.

Si kay-nou pa genyen anyen ki ap bare-li, ouswa li a mwens ke 1,500 pye de dlo lanmè, nou genyen plis chans pou resevwa dega ke gwo van ap pote. Se yon bon ide pou nou plante pye bwa devan kay nou pou fòse van-an sou kote kay-la.

Rezistans Pou Siklòn ak Tònad

Cheke ak ofisyel nan bilding local pou nou determine si zòn bò lakay-nou fè pati de zòn gwo van. Itilize pwoteksyon ki kapab fè kay-nou reziste fòs van ki determine nan zòn nou. Se yon bon jen ide pou nou konstri ouswa refè kay-nou pi bon ke kòd mande nou. Sa gen dwa by nou plis rezistans kont dega, lapè nan tèt nou, plis vale sou kay-la, e li kapab ede nou kalifye pou lot èd, aktyel ouswa nan demen nan afè rabè sou asirans kont gwo van.

Ranfòse… pou meyè abitasyon vlè di ke se yon pwogram de sètifikasyon pou kay nan Enstiti Sekirite Biznis ak Kay (ESBK), se yon òganizasyon pou rechèch ak edikasyon sou kompayi asirans kay. Yon mak chwazi Ranfòse … pou meyè abitasyon vle di ke enspektè ki kalifye dekalre ke kay-la konstri pou li reziste tout move bagay ki rive nòmalman nan zòn-nan. Genyen sèten konpayi asirans ki bay rabè sou asirans kont van pou kay ki cètifye ke yo ranfòse. Pou plis infòmasyon, visite http://www.disastersafety.org/

Figure 4. 

Blueprint for Safety se yon pwogram edikasyonel ki sòti nan Alyans Federal pou Sekirite Kay (FLASH), se yon òganizasyon charitab, san profi, ki dedye tan-yo nan fè reklam pou sekirite kay. Pwogram sa-a ofri gid ak bon jen enfòfasyon bay moun ki ap konstri kay nan zafè sekirite-dega kont inondasyon, dife, ak move van. Pou plis enfòmasyon, visite www.blueprintforsafety.org ak www.flash.org

Figure 5. 

Referans ak Resòs

Federal Emergency Management Agency | Prevansyon Pou Dezast and Bibliotèk Pou Preparasyon www.fema.gov/library/

Divizyon Laflorid pou Manajman de Sekou | Paj Enfòmasyon

www.floridadisaster.org/

Texas Tech University | Sant Pou Syans Van ak Rechèch Konstriksyon http://www.depts.ttu.edu/weweb/

Inivèsité Laflorid | Liv Sou Fezas http://disaster.ifas.ufl.edu/

Footnotes

1.

Dokiman sa-a fè ABE379HAI, pati 3 de 5 nan Edikasyon + Aksyon = Koleksyon Kontwol Dega Van. Dat piblikasyon:: Avril 2007. Re sètifye 2010.

2.

Kathleen C. Ruppert, Ekstansyon syantis, Sévis Estansyon Enèji Laflorid; Hal S. Knowles, III, rechèch associate, Pwogram pou Resous Bon Jan Kominoté; Laflorid; Karla A. Lenfesty, espesyalis kontwol eega van siklòn, Estansyon Kopératif pou Konté St Lucie, Enstiti pou manjé ak Syans Agrikiltirèl,Inivvèsité Laflorid.

Pwogram Kado nan Depatéman Laflorid sou Afè Kontwol Konstriksyon Rezidans nan Kominoté-a péyé yon pati nan piblikasyon-an.


The Institute of Food and Agricultural Sciences (IFAS) is an Equal Opportunity Institution authorized to provide research, educational information and other services only to individuals and institutions that function with non-discrimination with respect to race, creed, color, religion, age, disability, sex, sexual orientation, marital status, national origin, political opinions or affiliations. For more information on obtaining other extension publications, contact your county Cooperative Extension service.

U.S. Department of Agriculture, Cooperative Extension Service, University of Florida, IFAS, Florida A. & M. University Cooperative Extension Program, and Boards of County Commissioners Cooperating. Millie Ferrer-Chancy, Interim Dean.