MENU

AskIFAS Powered by EDIS

Èske Kay Nou Pare?1

Hal S. Knowles, III, Kathleen C. Ruppert, Karla A. Lenfesty, ak Barbara Haldeman 2

Pou moun kap viv nan Florid, siklòn se yon bagay nòmal. Chèche jwenn kat ki montre w kote ki konn gen gwo van epi ki konn lakòz anpil kay tonbe lè siklòn nan vin ak gwo van. Bon jan preparasyon kont siklòn ap mete anplas pou fè zòn sa yo pi solid.

Ki Sa Ou Kapab Fè Pou Prepare Tèt Ou?

Tout fanmi fèt pou genyen yon bwat ki genyen manje ak dlo an rezèv anvan siklòn nan vini. Chak 6 mwa ou mete manje ak dlo nèf. Anba-a nap jwen yon lis ki ap ede nou prepare kò nou si nou genyen pou nou kite ou rete lakay nou:

  • Manje pou sèt jou ki pa bezwen ale nan frijidè oswa ki bezwen kwit.

  • Dlo pou sèt jou (yon galon pou chak moun pa jou.)

  • Rad pwòp ak soulye pou sèt jou.

  • Bagay pou nou dòmi (kouvèti, zorye, etc.).

  • Bagay pou fè twalèt nou (bwòs dan, patdantifris, savon, deyodoran, bagay pou lave tèt, elatriye.).

  • Lajan kash (An ka ke machin ATM/ bank fèmen).

  • Medikaman (remèd nòmal ak preskripsyon).

  • Yon machin ki fonksyone epi ki plen gaz ladann.

  • Radyo (ki mache ak pil ou ak chenn).

  • Flash (ki mache ak pil ou ak chenn).

  • Pil derechanj .

  • Zouti (pou ranje ti pwoblèm nan machin ak kay).

  • Dokiman enpòtan ou ka mete nan yon bwat ki pap pran dlo (papye doktè, asirans, kat sosyal, elatriye.).

  • Bagay pou okipe bèt nou (manje, dlo, kalòj, chenn, papye vaksen, etc.).

  • Nenpòt lòt bagay enpòtan.

Kèk mezi pwoteksyon ka pèmèt ou ekonomize nan asirans ou nan Florid. Ale nan konpitè gade enfòmasyon kap pale de Kominote Nan Depatman Florid: http://www.floridadisaster.org/mitdb/

Figure 1. Pou nou aprann plis sou bagay sa yo, mande yon responsab nan Ekstansyon Koperatif Konte a pou tout dokiman individyèl nan seri a.
Figure 1.  Pou nou aprann plis sou bagay sa yo, mande yon responsab nan Ekstansyon Koperatif Konte a pou tout dokiman individyèl nan seri a.

Lòt Resous

Pou w jwenn lòt enfòmasyon sou kijan pou w prepare fanmi w ak kay ou pandan siklòn, nou rekòmande pou w al gade sou sit entènèt sa yo:

Inivèsite Florid| Liv Sou Dezas http://disaster.ifas.ufl.edu/.

Inivèsite Florid | Preparasyon Pou Siklòn Pou Lakou

http://hort.ifas.ufl.edu/woody/wind-research.shtml

Alyans Federal Pou Sekirite kay www.flash.org.

Federal Emergency Management Agency | Bibliyotèk Ajans Federal Jesyon Ijans www.fema.gov/library/

Divizyon Jesyon Ijans nan Florid | Paj Enfòmasyon www.floridadisaster.org/

Enstiti pou Sekirite Biznis ak Kay http://www.disastersafety.org/

Footnotes

1. Dokiman sa a se ABE374HAI, youn nan senk nan yon seri de Depatman Jeni Agrikilti ak Byolojik, UF/IFAS Ekstansyon. Dat piblikasyon orijinal novanm 2005. Revize Jiye 2007, Jiye 2010, ak mwa Dawou 2020. Vizite sitweb EDIS la nan https://edis.ifas.ufl.edu pou vesyon an kounye a sipote nan piblikasyon sa a.
2. Hal S. Knowles, III, rechèch associate, Pwogram pou Resous Bon Jan Kominoté; Kathleen C. Ruppert, Ekstansyon syantis, Sévis Estansyon Enèji Laflorid; Karla A. Lenfesty, espesyalis kontwol eega van siklòn, Estansyon Kopératif pou Konté St Lucie, Enstiti pou manjé ak Syans Agrikiltirèl,Inivvèsité Laflorid; Barbara Haldeman, asistan editè, Sèvis Estansyon Enéji Laflorid. Pwogram Kado nan Depatéman Laflorid sou Afè Kontwol Konstriksyon Rezidans nan Kominoté-a péyé yon pati nan piblikasyon-an.

Publication #ABE374HAI

Date: 8/30/2020

Related Experts

Ruppert, Kathleen C

University of Florida

Knowles, Harold S III

University of Florida

Haldeman, Barbara M.

University of Florida

    Translation
    Homeowner

    Contacts

    • Craig Miller