Enstale Panno Nan Fenèt yo1
Zòn ki pi fasil pou sibi domaj lè siklòn se fenèt ki pa pwoteje yo. Jan nou te diskite nan dokiman nou an, Èske Kay nou Pare?, Fenèt ki kraze yo gen dwa kite van ak lapli rantre nan kay la epi petèt lakòz do kay la rache.
Ki Sa Ki Fè yon Fenèt Solid?
Gen moun ki kole mòso adezif sou vit fenèt yo pou pwoteje yo. Lè w kole adezif sou fenèt la, li pa fè vit la vin pi solid epi li pap pwoteje kay la kont debri van an ap pote.
Menm vit ki fèt pou reziste ak gwo van gen dwa kraze lè presyon van an fò nan enkadreman fenèt la. Menm jan an, papye plastik espesyal ke moun mete sou vit yo pa yon mezi pou byen pwoteje fenèt yo. Sèl jan pou pwoteje fenèt yo se pou w enstale panno ladan yo.
Kouman Pou Mwen Chwazi Bon Panno?
Chak mèt kay ta dwe enstale panno ki satisfè bezwen pèsonèl yo oswa ki pi bon pou yo. Kèk faktè enpòtan pou nou konsidere se pri a, fasilite nan enstalasyon an epi nan ki nivo li pwoteje kay la.
Panno kapab pwoteje kont bagay kap vole nan lari a oswa kont presyon van an fè nan fenèt yo, gwo pòt ki genyen vit, pòt vit ki gen koulis ak tout lòt ouvèti. Kelkeswa kalite panno ou chwazi, fòk ou byen enstale li pou w jwenn bon jan pwoteksyon.
Lòt Bagay Pou Nou Konsidere
Si objektif ou se bon jan pwoteksyon, chwazi pwodwi ke konte Miami Dade di ke w ka itilize (gade sit entènèt pwodwi nou bay anba a). Men enstale panno yo sèlman pa ase. Li enpòtan anpil pou w itilize bon jan teknik konstriksyon pou panno yo ret solid/fèm epi diminye chans pou lòt bagay pa vole vinn frape yo. Bagay pou nou gade:
Retire tout bagay ki deyò nan lakou yo kankou chèz, tab, bwat fatra/bwat resiklaj, plant, elatriye.
Boulonnen panno yo nan strikti kay la, PA nan fenèt oswa enkadreman pòt.
Itilize materyèl ki paka wouye nan tout sistèm nan tankou panno yo ak boulon yo.
Lòt Resous
Konte Miami-Dade | Miami-Dade County: Permitting, Environment and Regulatory Affairs – Product Control Search: http://www.miamidade.gov/building/pc-search_app.asp
National Oceanographic and Atmospheric Administration (NOAA), Atlantic Oceanographic and Meteorological Laboratory (AOML) Hurricane Research Division: Flyers. Instructions for building plywood hurricane shutters: https://www.aoml.noaa.gov/hrd/flyers/BuildingWoodenShutters.pdf
Ki Opsyon Panno Ke Nou Genyen?
Foto Panno Kalite Panno Ak Detay Pri
Panno ki ka desann otomatik (Automatic Rolldown)
Panno sa yo ka woule desann, yo sòti nan yon bwat ki anwo chak kote yo bezwen pwoteje. Yo jeneralman fèt ak bon jan metal epi yo ka lòk li nan pati anba a.

Credit: UF/IFAS Estansyon Konte St Lucie
Pou: vini tou enstale, fasil pou itilize, vini ak motè tou.
Kont: chè anpil.
Akòdeyon (Accordion)
Pri $$$
Yo rale panno sa yo sou kote de bò ouvèti fenèt nou bezwen pwoteje a. Yo fèt jeneralman ak bon jan metal epi yo ka lòk li ansanm oswa nan mitan sou yon pyès ki divize yo.

Credit: www.hurricaneshuttercompany.com
Pou: vini tou enstale, fasil pou itilize.
Kont: yon ti jan chè, pa twò bel sou yon plan achitekti.
Ònenn (Awning)
Pri $$$
Panno sa yo desann tou dwat sou miray la epi yo fèmen yo ak kadna sou miray la. Yo fè yo ak metal oswa faybèglas epi yo bay bon jan lonbraj lè yo pap itilize yo.

Credit: Administrasyon Nasyonal Oseyan ak Atmosfè (NOAA), Laboratwa Oseyanografik ak Meteyowolojik Atlantik (AOML), Divizyon Rechèch Siklòn (HRD)
Pou: vini tou enstale, fasil pou itilize.
Kont: yon ti jan chè, pa twò bel sou yon plan achitekti.
Ònenn Bahama ak Panno Kolonyal
Pri $$$
Ou gen dwa itilize panno sa yo tankou Ònenn (Ki bay lonbraj lè ou pap itilize li) oswa nan stil Kolonyal.

Credit: www.stormshutters.com
Pou: vini tou enstale, fasil pou itilize, bèl sou yon plan achitekti.
Kont: yon ti jan chè, Fòs yo depann de fòm yo.

Credit: www.stormshutters.com
Kadran pou Siklòn
Pri $$–$$$
Panno sa yo fèt ak yon twal ki solid anpil epi ki ka redwi domaj van an ak fòs enpak debri.
Pou: pa twò chè, kite limyè pase, fasil pou sere yon kote.
Kont: yon ti jan modèn, enpak debri yo gen dwa kraze vit fenèt ki gen kontak ak kadran an. Li pi bon pou ouvèti ki pa genyen vit.

Credit: Pwogram ki Monitè Kòt Laflorid
Panno pou Siklòn
Pri $$
Panno sa yo ou dwe sere yo epi enstale yo sèlman lè gen siklòn. Yo fèt an fè/asye oswa aliminyòm ki kapab fèmen/lòk nan yon kanal ki deja enstale ki anwo oswa anba kote (ouvèti) ki bezwen pwoteksyon an oswa nou kapab boulonnen ak vis dirèkteman nan kay la.
Pou: bon mache, solid.
Kont: anpil fwa yo lou, difisil pou enstale epi sere
Playwoud
Pri $
Pou plis enfòmasyon, gade piblikasyon Protect with Plywood (https://edis.ifas.ufl.edu/ae412).