MENU

AskIFAS Powered by EDIS

Pwoteje ak Playwoud1

Hal S. Knowles, III, Kathleen C. Ruppert, Karla A. Lenfesty ak Barbara Haldeman 2

Bon jan pwoteksyon pou siklòn mande tan ak lajan. Si w pa gen tan pou w jwenn yon moun ki ka enstale yo pou ou oswa ou pa vle depanse anpil lajan, panno playwoud ki byen enstale yo kapab byen pwoteje kay ou.

Nou rekòmande pou itilize panno playwoud yo an dènye (si w pa gen lòt chwa/altènatif) pou rezon sila yo : materyèl playwoud yo fèt la, pwa panno a, epi lajan ou pral depanse pou w enstale yo a. Al gade dezyèm piblikasyon nan seri a Install Window Shutters (https://edis.ifas.ufl.edu/ae411), pou w wè lòt opsyon

Èske Tout Panno Playwoud Se Menm?

NON. Genyen diferan fason pou enstale panno playwoud. Sepandan nou sigjere w pou w itilize yonn nan de metòd sa yo. Nou rekòmande w itilize playwoud ou ka vise ak boulon oswa takèt pou kay ki fèt ak blòk yo epi kote fenèt yo fon ti sòti nan mi an de 2 pous ou plis. Panno playwoud ki yonn sou lòt pi bon pou fenèt nan miray ki gen mwens ke de pous.

Panno Playwoud ak takèt

Materyo Ke Nap Bezwen

  • Fèy playwoud ki gen yon epesè 7/16 pous (Nou rekòmande 3/4 pous)

  • Takèt 3–4 pous

  • Dril

  • Si sikilè

Kijan pou w enstale l

Koupe fèy playwoud la pou li byen ajiste nan fenèt la. Konekte plizyè fèy ak bwa 2 × 4 oswa bon jan gon pou fenèt ki laj yo. Vise takèt yo nan chak fèy playwoud, pandan ke w ap itilize yon vis pou chak 12 pous nan sans vètikal fèy playwoud la. Make ki bò twou yo pral tonbe nan miray la. Make chak fèy playwoud avèk "Anwo" ak "Anba" ak fenèt li pral ajiste ladann nan. Fouye twou yo. Bouche twou yo lè w pap itilize yo.

Panno Playwoud yonn Sou Lòt

Materyo Ke Nap Bezwen

  • Fèy plywood ki gen yon minimòm epesè 7/16 pous (Nou rekòmande 3/4 pous)

  • Klou (mwens sekirite) oswa vis / boulon (plis sekirite) omwen 2 pous nan longè

  • Boulon ki fèt an plon oswa stennlès (PA itilize plastik)

  • Mato (pou klou) epi/oswa dril (pou vis)

  • Ti mòso bwa plat (Si nesesè)

  • Si sikilè

Kijan pou w enstale l

Koupe playwoud yo pou yo kapab kouvri chak fenèt ak 4 pous anplis. Konekte plizyè fèy playwoud ak bwa 2 x 4 oswa bon jan gon pou gwo fenèt yo. Fouye twou nan fèy playwoud la ak miray la. Make chak fèy playwoud avèk "Anwo" ak "Anba" ak fenèt li pral ajiste ladann nan. Rantre boulon nan miray la ak yon mato. Vise fèy playwoud la nan twou yo. Bouche twou yo lè w pap itilize yo.

Pwoblèm Pou Nou Konsidere

Evite itilize playwood ki pa prepare

Li pran 30% plis fèy playwoud ki pa prepare pou li genyen menm fòs ak fèy playwoud la. Nou rekòmande ke nou itilize fèy playwoud.

Planifye Anvan Nou Kòmanse

Fèy playwoud vann bon mache, fasil pou nou itilize, epi ou kapab jwenn li nan tout magazen ki vann materyo. Sepandan, achte fèy playwoud nou anvan siklòn nan vini. Magazen materyo nan zòn ou an gendwa pa genyen ankò si w tann dènye moman pou w al achte.

Mete yo yon bon kote

Fèy playwoud fèt pou byen sere pou nou pa domaje li. Imidite ak chalè Florid gen dwa defòme epi gate playwoud la ki ap fè ke nou pap kapab itilize li. Se yon bon bagay pou nou trete playwoud la kont dlo ak pwodwi espesyal oswa penti anvan ke nou sere li nan yon kwen ki fre epi sèk. Kenbe tout vis, boulon, nan youn mamit ki make avèk panno yo. Lè nape sere fèy playwoud yo mete yo kouche plat pou yo pa defòme. Pa janm sere fèy playwoud lè yo mouye.

Veye Tèmit/poud bwa

Yon lòt bagay pou nou fè, se jwenn yon jan pou nou pa mete fèy playwoud yo atè. Sa ap ede diminye risk pou poud bwa manje yo.

Make Panno yo

Pifò kay genyen diferan dimansyon ak kalite fenèt. Li enpòtan anpil pou nou make chak panno pou nou kapab konnen nan ki fenèt ke panno yo prale epi ki bò panno a prale anwo oswa anba. Yon lòt bon bagay pou nou konsidere se ekri sou yon mòso papye tout nimewo fenèt yo ak nimewo panno yo pou nou kapab konnen ki bò pou nou mete yo.

Pou plis detay, direktiv espesifik Florid sou varyete konsepsyon panno playwoud vizite sit entènèt APA (Engineered Wood Association)

Lòt Resous

APA – The Engineered Wood Association: Publications. Use "hurricane shutters" as a search term, or type "T460" into the search box on the page to download a free copy of the association's 2013 publication Hurricane Shutter Design Considerations for Florida. (Registration may be required; there is no cost to register.) https://www.apawood.org/hurricane-shutter-designs

National Oceanographic and Atmospheric Administration (NOAA), Atlantic Oceanographic and Meteorological Laboratory (AOML) Hurricane Research Division: Flyers. Instructions for building plywood hurricane shutters: https://www.aoml.noaa.gov/hrd/flyers/BuildingWoodenShutters.pdf

Footnotes

1. Dokiman sa a se ABE376HAI, youn nan senk nan yon seri de Depatman Jeni Agrikilti ak Byolojik, UF / IFAS ekstansyon. Dat piblikasyon orijinal novanm 2005. Revize Jiye 2007, Jiye 2010, ak mwa Dawou 2020. Vizite sitweb EDIS la nan https://edis.ifas.ufl.edu pou vesyon an kounye a sipote nan piblikasyon sa a.
2. Hal S. Knowles III, konferansye epi chaje misyon, devlòpman dirab ak anviwònman nan batiman epi Depatman Ibanism ak Amenajman teritwa, College of Design, Construction and Planning; Craig Miller, asosye nan Pwogram Efikas pou Resous Kominote; Kathleen C. Ruppert, pwofesè emerit, Pwogram Efikas pou Resous Kominote; Karla A. Lenfesty, ajan syans lafanmi ak konsomasyon, retrete, UF/IFAS Ekstansyon konte St. Lucie ak Barbara Haldeman, asistan editè, Pwogram Efikas pou Resous Kominote ; Ekstansyon UF/IFAS, Gainesville, FL 32611. Pwogram Kado nan Depatéman Laflorid sou Afè Kontwol Konstriksyon Rezidans nan Kominoté-a péyé yon pati nan piblikasyon-an.

Publication #ABE376HAI

Date: 8/30/2020

Related Experts

Ruppert, Kathleen C

University of Florida

Knowles, Harold S III

University of Florida

Haldeman, Barbara M.

University of Florida

    Translation
    Homeowner

    Contacts

    • Craig Miller