MENU

AskIFAS Powered by EDIS

Ranfòse do kay ou1

Hal S. Knowles, III, Kathleen C. Ruppert, Karla A. Lenfesty ak Barbara Haldeman 2

Do kay oswa tèt kay ede kenbe kay la konfòtab epi sèk.. Sepandan lè gwo van siklòn ap soufle, do kay ki pa byen fèt yo oswa ki pa byen antreteni yo pap kenbe. De twa ti konsèy konsèy pou ede ranfòse do kay nou.

Figure 1. 
Figure 1. 
Credit: Enstiti pou Sekirite Biznis ak Kay

Poukisa Fòm Do Kay Enpòtan?

Do kay ki gen tèt pwenti vin gen plis pwoblèm lè van an ap vini antravè. Do kay ki gen tèt ki pa twò pwenti pèmèt van an monte. Do kay ki gen yon pant ant 3:12 ak 6:12 (plan orizontal: monte vètikal) bay plis sekirite.

Do kay "Hip" (do cheval) ak do kay "Gable" (do kay ankoup) pi popilè nan eta Florid la. Pou tèt jan yo fèt la, do kay Hip (do cheval) yo genyen plis rezistans kont pwa gwo van yo.

Do kay Gable (do kay ankoup) yo gen dwa pibon si nou fè yon ti aranjman.

Mete Sipò Kwaze ("X") Ankadreman "A")

Premyèman, enstale sipò ki fèt an kwa ant premye sipò do kay la ak katryèm sipò do kay la (apeprè 8 pye) Gade Figi 2. Fè atansyon, sonje pou nou mete "X" andedan "A".

Figure 2. 
Figure 2. 

Mare yo Byen Pou Sipò Yo Pa Pouse Yonn Lòt (Efè Domino)

Dezyèmman, enstale sipò antravè pou kenbe tout lòt sipò vètikal yo ansanm lè van an ap soufle fò. Nou kapab wè sa nan foto ki sou bò gòch la. Fè atansyon, sonje pou nou evite "efè domino a".

Figure 3. 
Figure 3. 

Twazyèmman, enstale panno tòl sou tout twou ki fèt pou lè antre sou devan « Gable » la kote miray la rive. Si n ap konstwi yon kay nèf ki genyen yon do kay « ankoup », konsidere itilize ekstansyon miray ak ankadreman balon. Sa kreye yon chapant ki solid ki sòti nan tè pou l rive jis nan pwent tèt kay la kote 'gable' la ye a.

Kreye Yon Sipò Kontini

Yon kay se yon sistèm ki fèt ak pati ki konekte ansanm. Si genyen yon mòso ki frajil, rès kay la gen dwa tonbe. Se pou sa ke li enpòtan pou nou kreye yon sipò kontini ant atè ya ak tèt kay la. Sa ap pèmèt kenbe strikti kay la ansanm epi reziste ak gwo fòs van ki vini ak siklòn.

Yon sipò kontini mande pou nou konekte do kay la ak miray yo, premye etaj ak dezyèm etaj, epi miray yo ak fondasyon an (gade figi 4). Nou ka fè sa a ak senti espesyal pou siklòn ke nou mete kòmanse sou tèt kay la pou rive nan miray yo epi atè a konekte ak lòt pyès atè a, epi vise ak gwo boulon koneksyon ki genyen ant miray yo ak fondasyon an.

Figure 4. 
Figure 4. 

Bon Jan Pou Nou Kouvri Do Kay Ak Fèy Playwoud Ak Twil

Lè nou pa byen enstale oswa nou itilize move kalite materyo tankou twil pou do kay, siding, ak lòt materyo pou deyò kay la, yo gen dwa dekole nan kay la lè gen van. Lè sa rive, van ak dlo kapab rantre andedan kay la, epi andomaje kay la. Konsa tou, materyèl sa yo ka vin danjere lè van siklòn rache yo. Bon jan teknik pou kloure yo, ka anpeche materyèl yo rache nan kay yo lè gen gwo siklòn.

Kloure papye espesyal yo ak ankadreman do kay la ak klou espesyal ki gen tèt plat ki peze dis peni oswa uit peni. Mete yo a kat pous entèval sou kote yo, epi sis pous entèval nan mitan, fèy playwoud la. Itilize lakòl pou bwa anba fèy playwoud kote ki gen jwen yo (kote bwa yo kwaze a) ak strikti tèt kay la.

Klou espesyal ak tèt plat yo (klou anele) kenbe pi byen nan bwa paske yo genyen dan sou tout kò yo. Dan sa yo byen rantre nan fèy playwoud yo ak ankadreman yo epi ka reziste ak gwo fòs.

Figure 5. 
Figure 5. 

Lòt Resous

Federal Alliance for Safe Homes: http://www.flash.org

Federal Emergency Management Agency National Preparedness Resource Library: https://www.fema.gov/national-preparedness-resource-library

FloridaDisaster.org: Florida Division of Emergency Management: http://www.floridadisaster.org

Institute for Business and Home Safety: http://www.disastersafety.org/

University of Florida: UF/IFAS Extension Disaster Handbook: https://branding.ifas.ufl.edu/disaster-handbook/

Footnotes

1. Dokiman sa a se ABE377HAI, youn nan senk nan yon seri de Depatman Jeni Agrikilti ak Byolojik, UF/IFAS ekstansyon. Dat piblikasyon orijinal novanm 2005. Revize Jiye 2007, Jiye 2010, ak mwa Dawou 2020. Vizite sitweb EDIS la nan https://edis.ifas.ufl.edu pou vesyon an kounye a sipote nan piblikasyon sa a.
2. Hal S. Knowles III, konferansye epi chaje misyon, devlòpman dirab ak anviwònman nan batiman epi Depatman Ibanism ak Amenajman teritwa, College of Design, Construction and Planning; Craig Miller, asosye nan Pwogram Efikas pou Resous Kominote; Kathleen C. Ruppert, pwofesè emerit, Pwogram Efikas pou Resous Kominote; Karla A. Lenfesty, ajan syans lafanmi ak konsomasyon, retrete, UF/IFAS Ekstansyon konte St. Lucie ak Barbara Haldeman, asistan editè, Pwogram Efikas pou Resous Kominote; Ekstansyon UF/IFAS, Gainesville, FL 32611. Pwogram Kado nan Depatman Laflorid sou Afè Kontwol Konstriksyon Rezidans nan Kominote a peye yon pati nan piblikasyon-an.

Publication #ABE377HAI

Date: 8/30/2020

Related Experts

Ruppert, Kathleen C

University of Florida

Knowles, Harold S III

University of Florida

Haldeman, Barbara M.

University of Florida

    Translation
    Homeowner

    Contacts

    • Craig Miller