Redwi Danje Nan Zòn Pòt yo1
Pòt bay bon jan aksè pou rantre ak sòti nan yon kay. Sepandan, gwo van kapab fè wout pou domaj siklòn nan ka lakòz.
Kisa Ki Fè Yon Pòt Solid?
Yon bon pòt genyen twa gon ak yon seri ki gen yon bout fè ki gen yon pous longè. Bout fè a gen pou li rantre nan ankadreman mi an dèyè tèt pòt la.
Bon pòt jeneralman louvri sou deyò kay la. Bon jan pòt ta dwe fèt an fè oswa bwa ki solid. Instale panno sou pòt ki genyen fenèt ladan yo.
Ki Sak Ki Fè Pòt Doub yo Inik?
Pòt doub yo, kankou pòt Fransè yo bezwen plis pwoteksyon. Sa ki fè sa, se paske pòt la de fwa pi laj ke pòt senp yo.
Nou gen dwa fè pòt doub yo pi rezistan a van an si nou mete bon jan bawo an fè (takèt) sou bò ki pa ouvri a (Figi 1). Bawo fè a gen pou enstale nan tèt ankadreman pòt la rantre nan mi an ak yon lòt ke ou mete anba pòt la atè a nan siman an.
Pou Kisa Pòt Garaj Pa Kenbe?
Pòt garaj yo fèt anjeneral ak panno metal ki fen ki ka louvri sou yon bon pati devan kay la. Lè gen gwo van pòt garaj sa yo konn kraze.
Credit: Pwogram Ki Monitè Kòt Laflorid
Gro van gen dwa lakòz pòt remiz lan oswa pòt garaj la rantre anndan kay la oswa sòti nan ray ki te kenbe l la. Kou sa rive van an gendwa rantre anndan kay la. Van an kreye yon gwo fòs anndan kay la ki ka lakòz fenèt yo, pòt yo, miray yo, ak do kay la rache.
Mete Sipò Oubyen Chanje Pòt Remiz/Garaj La
Si ou rete nan yon kay ki ansyen ou fèt pou mete sipò oswa chanje pòt remiz/garaj la. Nou gen dwa enstale sipò antravè nan mitan chak panno pòt la pou ranfòse pòt ki deja la yo.
Pou plis fòs, ou gen dwa enstale sipò vètikal ki kapab kouvri tout longè pòt la. Sipò yo dwe byen rantre atè a epi anlè pòt la nan miray la. Sipò sa yo gen dwa sòti lè ou pa bezwen li (gade Figi 3)
Credit: Estansyon Konte St. Lucie
Ray pòt remiz/garaj la se yon lòt kote ki bezwen ranfòse. Tankou nou wè nan figi 4 la, yon ray ki pa byen ranfòse ka koube, sa ki lakòz pòt garaj la ka sòti nan miray la.
Lòt Bagay Pou Nou Konsidere
Pafwa, esaye ranje yon ansyen pòt remiz/garaj pou fè yo pi solid kont van gen dwa yon djòb ki difisil anpil. Li ta fè plis sans si w ta bay yon moun kalifye enstale sipò nesesè oswa chanje pòt remiz/garaj la.
Si w ta deside fè travay la oumenm, pa bliye ke pòt la pral vini pi lou. Sa kapab yon rezon pou chanje motè ki pou ouvri pòt la.
Lè nap mete sipò nan pòt remiz la, sonje pou w kouvri tout fenèt ki sou pòt la ak panno tòl yo pou pwoteje vit la. Evite achte pòt remiz/garaj ki genyen vit ladan yo.
Si objektif ou se bon jan pwoteksyon, fòk ou achte pwodwi ke Konte Miami Dade la di ke w kapab itilize (gade nan adrès pwodwi ke nou bay anba la a.
Lòt Resous
Federal Alliance for Safe Homes: www.flash.org
Federal Emergency Management Agency National Preparedness Library: https://www.fema.gov/national-preparedness-resource-library
Institute for Business and Home Safety: http://www.disastersafety.org/
Miami-Dade County: Permitting, Environment and Regulatory Affairs – Product Control Search: http://www.miamidade.gov/building/pc-search_app.asp
PWOBLÈM
SOLISYON
Credit: Bryant Fukutomi, Honolulu Star-Bulletin