Kòman Van Afekte Kay yo1
Fòs van se yon bagay ki trè konplike. Efè van an sou yon bilding depann de plizyè varyab. Varyab ki natirèl gen dwa vitès van an, wotè van an, bagay ke yo jwen atè a, epi sa ki nan lè. Varyab bilding konpoze de fòm, zòn, ak pwopriyete fizik bilding nan. Ansanm, pwopriyete sa yo kreye diferans nan presyon ki pouse epi ki rale sou sifas deyò kay la.
Kòman Fòs Van Afekte Kay yo
Lè van an pase sou do kay la li fòse li pou li leve l. Menm jan efè sou zèl avyon yo, van an pase anba do kay la li leve do kay la tandiske van an pase anlè do kay la li rale do kay la leve. Figi 1
Lè presyon van an ap vini atravè sou kay la, li kreye yon aksyon ki koze kay la panche oswa deplase kite fondasyon an Figi 2.
Menm presyon van sa a gen dwa fè kay la woule sou fondasyon an si li pa kapab panche oswa deplase kite fondasyon an.
Sèlman Pi Fò Ke Pati Ki Pi Fèb la
Yon kay ki solid fèt pou li reziste twa efè van sa yo. Pati deyò kay la aji tankou yon anvlòp pou kay la. Panse ak anvlòp sa a tankou yon kouch pwoteksyon kont eleman ke ou jwenn deyò tankou chalè, imidite, ak move tan. Yon kouch pwoteksyon ki solid bay kay la plis sekirite epi fè moun ki anndan yo pi konfòtab.
Konpozan striktiral anvlòp yon bilding se fondasyon, mi yo ak do kay la. Yon anvlòp ki solid genyen yon sipò kontini. Sipò sa a konekte tout pati strikti anvlòp bilding nan tankou yon skelèt ki pran anchaj epi relye tout pati nan kò a.
Konpoze non striktiral (pati ki pa konpoze strikti) bilding yo se fenèt yo, pòt yo, pòt garaj yo, ak lòt ouvèti nan strikti a. Pati sa yo pwoteje anndan kay la tankou po nan kò w pwoteje ògann ou
Pati ki pi fèb nan anvlòp kay la se li menm ki ap gen plis chans pou tonbe nan yon move van. Lè yon siklòn oswa yon tònad frape, rezistans kay la depann de pati nan kay la ki pi fèb la.
Pou plis enfòmasyon detaye sou anvlòp kay ki bay rezistans a van, tanpri li lòt fich enfòmasyon yo ke nou genyen nan seri Edikasyon + Aksyon = Kontwòl Van.
Kòman Fòs Van Lakòz Dega
Fòs van an gendwa kraze sipò kontini an nan yon kay oswa fè yon twou nan anvlòp bilding nan. Pafwa fòs aktyèl van an gendwa koze yon pòt oswa yon fenèt ouvè pa fòs.
Genyen de fwa van an gendwa ranmase debri nan lari a epi l voye yo sou kay la. Ekgzanp debri ki kapab vini gwo danje ak van an, se twil sou do kay vwazen yo, moso bwa, oswa mèb nan lakou ke mèt kay yo pa te ranmase.
Yon fwa fòs van an kreye yon ouvèti nan kay la, risk pou strikti kay la kraze a ogmante anpil. Yon lòt domaj ankò se dlo kap rantre nan kay la akòz lapli ak van.
Si kay nou pa genyen anyen ki ap bare li, oswa li a mwens pase 1,500 pye de lanmè a, ou genyen plis chans pou kay ou sibi domaj ak gwo van yo. Se yon bon ide pou nou plante pye bwa devan kay nou pou pwoteje kay la epi se yon lòt fason pou devye oswa diminye fòs van an sou kay la.
Rezistans Pou Siklòn ak Tònad
Tcheke ak ajan lokal yo pou w detèmine si zòn bò lakay ou fè pati de zòn ki konn gen gwo van. Itilize pwoteksyon ki kapab fè kay nou reziste ak fòs van ki detèmine nan zòn ou ye a. Se yon bon envestisman pou nou konstwi oswa repare kay nou byen. Sa gen dwa fè kay la gen plis rezistans kont dega, lapè nan tèt nou, plis vale sou kay la, epi li kapab ede nou kalifye pou lot èd, aktyèl oswa nan lavni tankou rabè sou asirans kay kont gwo van.
Ranfòse... pou w pi an sekirite se yon pwogram de sètifikasyon pou kay nan Enstiti Sekirite Biznis ak Kay (ESBK), se yon òganizasyon pou rechèch ak edikasyon sou konpayi asirans kay. Tit Ranfòse ... pou w pi an sekirite vle di ke yon enspektè ki kalifye deklare ke kay la konstwi pou li reziste ak danje ki konn rive nan zòn nan deja. Genyen kèk konpayi asirans ki bay rabè sou asirans kont van pou kay ki sètifye yo. Pou plis enfòmasyon, vizite http://www.disastersafety.org/.
Federal Alliance for Safe Homes FLASH), (Alyans Federal pou Sekirite kay yo) se yon òganizasyon edikatif a bi non likratif di dedye l pou pwomouvwa sekirite nan kay. Pwogram sa a ofri gid ak bonjan enfòmasyon ak teknik pou w konn kijan pou w byen konstwi kay ou epi kijan pou w pwoteje kay la kont inondasyon, dife, ak move van. Pou plis enfòmasyon, vizite www.blueprintforsafety.org ak www.flash.org
Lòt Resous
Federal Emergency Management Agency National Preparedness Resource Library: https://www.fema.gov/national-preparedness-resource-library
FloridaDisaster.org: Florida Division of Emergency Management: http://www.floridadisaster.org/
Texas Tech University National Wind Institute: http://www.depts.ttu.edu/nwi/
University of Florida: UF IFAS Extension Disaster Handbook: https://branding.ifas.ufl.edu/disaster-handbook/