Jere COVID-19 : Pi bon Pratik pou Agribiznis1
COVID-19 simaye l sitou pa kontak dirèk moun ak moun, oswa si pandan yon moun ap touse oubyen pale postiyon krache a ki deja gen viris la kontamine yon sifas epi yon moun ki ansante manyen kote sa a. Pandan ke pifò magazen manje ak ekipman kontinye fonksyone pandan maladi a ap simaye ak lòt ijans, kèk mezi prevantif ka pran pou pwoteje sante anplwaye yo ak kliyan yo.
CHANJMAN NAN MÒD OPERASYON
Mete sou plas yon pwogram pou w netwaye epi dezenfekte kote yo manyen anpil yo. Premyèman, sifas yo dwe netwaye ak savon/detèjan epi ak dlo, aprè sa dezenfekte sifas yo pandan ke w ap swiv enstriksyon konpayi an mete sou etikèt la.
CDC rekòmande pou sèvi ak dezenfektan yo ki sou lis EPA la, w ap jwenn lis sa a sou sit entènèt go.ncsu.edu/epacovid-19 (Nòt : lis sa a baze sou done aktyèl; pako gen pyès konpoze ki valide pou inaktive viris ki lakòz COVID-19 la).
Ou ka itilize yon dlo klowòks kote ou mete 5 kiyè klowòks nan yon galon dlo pou w dezenfekte sifas yo.
Yon sèl anplwaye dwe rete anndan machin yo itilize yo epi mande anplwaye yo pou yo dezenfekte kote yo manyen yo souvan lè yap sòti oswa antre
Yon anplwaye dwe pran kòmand yo oswa chaje kamyon yo pou diminye kontak ak lòt travayè yo.
Anplwaye yo dwe kouvri visaj yo ak yon twal oswa mete yon mas pandan y ap travay.
PWOTEJE KLIYAN YO
Bay dezenfektan pou lave men oswa sanitayzè epi ankouje tout kliyan yo pou yo itilize l kou yo antre. Daprè konsèy otorite lokal yo, ankouraje kliyan yo pou yo kouvri visaj yo ak yon twal oswa yon mas.
Limite kantite kliyan ki ka anndan an ansanm. Mete yon tan/delè maksimòm epi ki rezonab pou kliyan an pase anndan magazen an.
Asire w ke kliyan yo, kit yo anndan oswa deyò, gen yon distans 6 pye ki separe yo pa rapò ak lòt moun.
Ou ka fèmen magazen an pou kliyan pa vini epi pran kòmand yo pa telefòn oswa pa entènèt.
Pou limite kontak kliyan ak anplwaye, mete sou plas yon pwotokòl ki fè livrezon oswa ki pèmèt kliyan an vinn pran machandiz li epi lè kliyan yo rele pou yo fè yon kòmand di yo ki pwotokòl ki genyen. Ankouraje kliyan yo rete nan machinn yo lè y ap vinn pran machandiz yo.
Pou atik/machandiz yo achte anpil oswa atik ou jwenn nan yon sezon tankou flè, legim ou jwenn nan sezon prentan, ak angrè, mete yo sou yon tab deyò magazen an pou kliyan yo kapab chwazi sa yo vle a pandan ke y ap kenbe yon distans yonn pa rapò ak lòt. Enfòme kliyan yo ke si yo bezwen yon atik/machandiz anndan magazen an yo ka mande yon anplwaye andann an sèvi yo.
Panse pou w mete yon lis atik yo achte anpil ak pri yo sou yon afich devan biznis lan. Mete yon nimewo telefòn pou kliyan yo ka rele epi fè kòmand yo san yo pa bezwen antre nan magazen an.
Itilize tranzaksyon pa kat (debi/kredi) oswa transfè elektwonik lè sa posib. Lajan papye paka dezenfekte epi anpil moun kapab manyen li pandan jounen an. Asire w ke anplwaye yo lave oswa dezenfekte men yo lè yo finn fè yon transaksyon.
SANTE ANPLWAYE YO
Sansibilize anplwaye yo sou transmisyon COVID-19, kijan pou yo diminye pwopagasyon an (lave men, dezenfekte sifas, kenbe yon distans younn pa rapò ak lòt, elatriye.), ak règleman konje maladi w. Anplwaye ki malad yo dwe rete lakay yo.
Biznis yo ta dwe swiv konsèy CDC ak FDA pou depiste anplwaye sila yo ki ta an kontak ak COVID-19.
Fè yon depistaj preliminè pou anplwaye yo pou w wè si yo gen kèk sentòm tankou lafyèv anvan yo kòmanse travay.
Anplwaye yo ki gen lafyèv ak lòt sentòm ta dwe konsilte yon doktè epi yo ta dwe refere yo bay Resous Imèm pou lòt etap yo.
Ou ka jwenn plis enfòmasyon konsènan COVID-19 ak mwayen pou prepare biznis ou sou sit entènèt go.ncsu.edu/oshacovid-19.
Pandan pandemi an, dekouraje entèraksyon epi rasanbleman pou pwoteksyon kominote a.
Pou plis enfòmasyon, vizite: www.cdc.gov/coronavirus/2019-ncov
(800) 232-4636