MENU

AskIFAS Powered by EDIS

COVID-19 mezi prevantif: mas an twal pou anplwaye ki nan sektè alimantè1

Natalie Seymour, Mary Yavelak, Candice Christian, ak Ben Chapman. Emmanuel Duvalsaint te tradwi dokiman sa a. 2

Daprè CDC, yon metòd efikas pou kwape pwopagasyon maladi enfektye sa a se lè w kouvri visaj ou ak yon twal oswa w mete yon mas an twal. Yo itilize mas an twal yo pou kouvri bouch ak nen yon moun ki enfekte oswa ki ta ka enfekte si l pran viris la lè yon moun ap touse, estènen oswa nan yon konvèsasyon nòmal. Mas an twal yo bay bon jan pwoteksyon si yo 1) bon kalite 2) mete yo byen 3) sèvi ak yo byen. Lè w mete yon mas an twal, li ka diminye risk men li pa bay yon pwoteksyon total kapital. Nou dwe swiv lòt metòd pou diminye risk yo tankou: pa rete pre yonn ak lòt, lave men nou, itilize sanitayzè/dezenfektan pou men epi evite manyen je w, nen w ak bouch ou.

KOUVRI FIGI NOU AK YON TWAL OSWA YON MAS AN TWAL

  • Yo mande anpil travayè esansyèl kap travay nan makèt, restoran, nan fèm yo epi nan izin alimantè yo pou yo kouvri visaj yo ak yon twal oswa pou yo mete yon mas an twal pandan y ap travay.

  • Mas an twal ak gan ka diminye transfè viris la nan bay lamen, nan anpeche postiyon krache ki sot nan bouch ou, oswa lè w estènen. Yon pwoteksyon an plastik pou pwoteje figi w ka diminye transfè viris la paske w pap ka manyen nen w ak bouch ou.

  • Gan ak mas an twal yo pa elimine risk yo, yo sèlman ede diminye risk yo. Depi sa posib, menm lè w mete mas la, ou dwe toujou lave men w, itilize sanitayzè oswa dezenfektan pou men epi pa rete pre yonn ak lòt.

  • Kòm mas an twal yo ka vinn kontamine, nou dwe chanje yo souvan epi lave yo chak fwa nou finn sèvi ak yo.

PRAN SWEN MAS AN TWAL YO

  • Mas an twal yo ka gen imidite, poutèt sa li ta bon pou n ta genyen plizyè pou n itilize pandan jounen an.

  • Fòk nou jere/manyen twal ki kouvri figi nou oswa mas an twal yo tankou yo ta kontamine ak viris ki lakòz COVID-19 la.

    • Pa manyen anndan mas an twal la oswa twal ki kouvri figi w la. Lè w retire l mete l touswit pami rad sal ou yo oswa mete l nan yon sachè plastik jiskaske w ka lave l.

  • Lave men w lè w finn manyen yon mas oswa itilize sanitayzè si w paka lave men w touswit. Si sa posib, lave figi w lè w finn retire yon mas.

  • Mas an twal oswa twal pou w kouvri figi w dwe lave ak dlo cho epi yo dwe byen seche avan w itilize yo.

  • Li pi efikas lè w lave mas yo olye ke yo pran chalè, poutèt sa mas yo pa ta dwe chofe nan maykowev oswa mete yo nan fou.

ELEMAN ESANSYEL

Covers nose and mouth: kouvri nen ak bouch.

Secures over ears/behind head: tache l byen nan nivo zòrèy yo/dèyè tèt ou

KIJAN POU W METE YON MAS AN TWAL?

  • Ou ka enkonfòtab lè w mete yon mas an twal. Ou dwe ajiste l byen sou nen w, bouch ou ak manton w.

    • Ou pa bezwen raze bab ou pou w mete yon mas an twal oswa yon mas chirijikal.

  • Mas an twal yo kapab ede diminye risk transmisyon maladi a men menm si w mete l sa pa vle di ke w pwoteje nèt.

  • Daprè CDC, mete yon mas chak fwa w prale nan yon espas piblik oswa w pral pran swen yon moun ki malad oswa yon moun ki ta enfekte.

  • Li pa nesesè pou w mete yon mas lè w lakay ou oswa lè w deyò pandan w ap fè spò (egzèsis).

Ou ka fè mas an twal san w pa bezwen koud yo ak mòso mayo oswa mouchwa. Pou enstriksyon etap pa etap pou w konn kijan pou w fè yo, ale sou sit entènèt go.ncsu.edu/cdcfacecoverings.

Pou plis enfòmasyon, ale sou sit entènèt www.cdc.gov/coronavirus/2019-ncov

(800) 232-4636

Footnotes

1. Dokiman FSHN20-33 se yonn nan yon seri dokiman Depatman Syans Alimantè ak Nitrisyon, Ekstansyon UF / IFAS. Dat piblikasyon orijinal la Me 2020. Vizite sit entènèt EDIS la nan https://edis.ifas.ufl.edu pou vèsyon aktyèl piblikasyon sa a.
2. Natalie Seymour, MS, Ekstansyon asosye ; Mary Yavelak, MS, Ekstansyon asosye ; Candice Christian, MPH, Ekstansyon asosye ; ak Ben Chapman, pwofesè, espesyalis nan sekirite alimantè ; NC State University Extension. UF Kontak: Michelle Danyluk, pwofesè, Depatman Syans Alimantè ak Nitrisyon, UF/IFAS Citrus Research and Education Center, Lake Alfred, FL | mddanyluk@ufl.edu | (863) 956-8654. Emmanuel Duvalsaint te tradwi dokiman sa a.

Publication #FSHN20-33H

Date: 5/19/2020

    RELATED TOPICS

    • Critical Issue: Agricultural and Food Systems
    Translation

    Contacts

    • Michelle Danyluk