Sekirite alimantè ak COVID-19: Kesyon yo poze souvan: Èske kowona viris se yon pwoblèm nan pwodiksyon fwi ak legim1
Nan moman sa a, CDC, FDA ak USDA pa rapòte okenn ka maladi ki ta sigjere kowona viris la ka transmèt sòti nan manje oswa nan anbalaj pwodwi alimantè. Rechèch ki fèt sou viris ki menm jan an tankou SARS ak grip montre risk transmisyon viris la pou l ta sòti nan yon manje fèb anpil. Pandan ke pa gen anpil enfòmasyon sou ki kantite tan viris la ka fè sou yon sifas, risk pou transmisyon an ta sòti nan yon manje fèb epi li pa ta dwe enkyete nou.
KI MEZI POU M PRAN POU M NETWAYE AK DEZENFEKTE EKIPMAN YO POU M ANPECHE PWOPAGASYON KOWONA VIRIS LA ?
Regilyèman dezenfekte kote yo manyen anpil yo tankou bwat, panye plastik, ekipman pou rekòlte, elatriye. CDC rekòmande pou w itilize dezenfektan wap jwenn nan lis EPA a, wap jwenn lis sa a sou sit entènèt go.ncsu.edu/epacovid-19
Nòt : lis sa a baze sou done aktyèl; pako gen pyès konpoze ki valide pou inaktive viris ki lakòz COVID-19 la.
Yo kapab itilize klowòks pou dezenfekte sifas yo finn netwaye yo. Konsantrasyon ki rekòmande a pi fò ke sa nou konn itilize lè n ap netwaye chak jou a, mete 5 kiyè klowòks nan yon galon dlo (1000 ppm).
KISA KI DWE FÈT SI YON TRAVAYÈ TESTE POZITIF POU COVID-19 ?
Anplwayè/Patwon yo dwe swiv konsiy ke leta ak otorite lokal yo mete anplas.
Si yo konfime yon anplwaye gen COVID-19, patwon yo ta dwe enfòme lòt anplwaye yo ke yo ta ka an kontak ak COVID-19 nan espas travay yo men yo dwe swiv konsiy HIPAA yo.
Anplwaye ki malad yo dwe swiv rekòmandasyon CDC yo epi patwon yo ta dwe rele depatman sante nan zòn nan pou plis konsèy.
ÈSKE YO TA DWE RETIRE PWODWI YO SI YON TRAVAYÈ KI TA SIMAYE VIRIS LA TA MANYEN OSWA REKÒLTE PWODWI SA YO.
Nan moman tèks sa a ekri a, FDA deklare ke yo pa prevwa pou yo ta retire pwodwi yo nan makèt si yon anplwaye ta gen COVID-19, kòm pa gen okenn prèv ki montre transmisyon viris la pou l sòti nan manje oswa anbalaj pwodwi alimantè.
KI PI BON MEZI TRAVAYÈ YO TA DWE SWIV POU EVITE PWOPAGASYON KOWONA VIRIS LA ?
Travayè yo pa dwe al travay si yo gen sentòm COVID-19 la oswa si yo te antre an kontak ak yon moun ki malad. Nenpòt moun ki ta gen sentòm yo dwe ale.
Le plis ke posib, fè travayè yo kite yon espas 6 pye distans yonn pa rapò ak lòt pandan y ap travay oswa lè yo nan poz.
Konsidere pou fè yon kòwòt (gwoup) travayè pou tout mendèv la pa pèdi si yon moun te dyagnostike.
Mete kote pou yo lave men yo epi bay sanitayzè. Travayè yo dwe lave men yo epi/oswa itilize sanitayzè anvan epi aprè yo finn manyen pwodwi yo ak anbalaj yo.
Ankouraje bon jan mezi lijyèn yo tankou lè w ap touse oswa estènen kouvri bouch ou ak nen w ak koud bra w.
Anplwaye yo dwe mete yon mas an twal pandan y ap travay.
KISA KI DWE FÈT SI YON TRAVAYÈ TA EKSPOZE/ AN KONTAK DIRÈK AK COVID-19 ?
Biznis yo ta dwe swiv konsèy CDC ak FDA pou depiste anplwaye sila yo ki ta an kontak ak COVID-19.
Fè yon depistaj preliminè pou anplwaye yo pou w wè si yo gen kèk sentòm tankou lafyèv anvan yo kòmanse travay.
Anplwaye yo ki gen lafyèv ak lòt sentòm ta dwe konsilte yon doktè epi yo ta dwe refere yo bay Resous Zimèn pou lòt etap yo.
Pou plis enfòmasyon, vizite : www.cdc.gov/coronavirus/2019-ncov
(800) 232-4636