MENU

AskIFAS Powered by EDIS

Etalaj fwi, legim ak lòt pwodwi agrikòl nan peryòd COVID-19: kisa machann yo ka fè pou pwoteje tèt yo ok kliyan yo1

Natalie Seymour, Mary Yavelak, Candice Christian, ak Ben Chapman. Emmanuel Duvalsaint te tradwi dokiman sa a. 2

PI BON PRATIK YO

  • Agrikiltè ak kliyan yo pa dwe ale kote yo etale fwi, legim ak lòt pwodwi agrikòl pou vann si yo gen sentòm COVID-19 la, oswa si yo ta antre an kontak ak yon moun ki malad. Nenpòt moun ki ta gen sentòm yo ap kite espas sa a.

  • Agrikiltè ki gen sentòm yo oswa ki ap viv ak yon moun ki gen sentòm yo pa ta dwe al nan rekòlte oswa vann pwodwi agrikòl.

  • Anplwaye kap travay yo dwe mete yon mas.

  • Nan antre kote yap vann pwodwi agrikòl yo, yo ta dwe mete yon kote pou w ka lave men w oswa mete sanitayzè pou moun itilize. Si yon moun ap manyen lajan, li dwe itilize sanitayzè aprè chak tranzaksyon li finn fè.

  • Evite pran bwat katon oswa panye ki paka netwaye oswa dezenfekte.

  • Si sa posib, tou mete pwodwi yo nan sachè oswa katon anvan nou vann yo.

  • Ze yo ta dwe vann nan yon resipyan ki ka itilize yon sèl fwa.

KOMINIKASYON

  • Kominike avèk kliyan yo atravè siy/pano oswa medya sosyal pou w mande yo pou yo rete lakay yo si yo gen sentòm yo.

  • Mete sanitayzè devan tab kote moun yo ap chwazi fwi oswa legim epi tou pre kès lajan an. Mete yon siy/pano pou raple moun yo pou yo itilize sanitayzè anvan yo achte, anvan yo peye epi lè yo finn ale.

  • Mande kliyan yo pou yo manyen sèlman pwodwi yo gen entansyon pou achte.

  • Daprè konsiy lokal yo, ou ta dwe ankouraje kliyan yo pou yo mete yon mas.

FASON POU W NETWAYE EPI DEZENFEKTE

  • Si sa posib, itilize tab plastik ki fasil pou dezenfekte.

  • Panse ak tout kote yo ka manyen anpil yo tankou panye yo, tab yo, ak kès lajan an, elatriye. Elimine oswa dezenfekte plis posib omwen nan fen jounen an.

  • CDC rekòmande pou sèvi ak dezenfektan ki sou lis EPA a, w ap jwenn lis sa a sou sit entènèt go.ncsu.edu/epacovid-19

    • Nòt: lis sa a baze sou done aktyèl; pako gen pyès konpoze ki valide pou inaktive viris ki lakòz COVID-19 la.

    • Ou ka itilize klowòks pou dezenfekte sifas yo, men konsantrasyon w ap itilize pou COVID-19 la ap pi fò ke sa w konn itilize pou fè netwayaj chak jou a: 5 kiyè klowòks nan yon galon dlo.

Pou plis enfòmasyon, vizite: www.cdc.gov/coronavirus/2019-ncov.

(800) 232-4636

Publication #FSHN20-28H

Date: 5/19/2020

    RELATED TOPICS

    • Critical Issue: Agricultural and Food Systems
    Translation

    About this Publication

    Dokiman FSHN20-28, se yonn nan yon seri dokiman Depatman Syans Alimantè ak Nitrisyon, Ekstansyon UF / IFAS. Dat piblikasyon orijinal la Me 2020. Vizite sit entènèt EDIS la nan https://edis.ifas.ufl.edu pou vèsyon aktyèl piblikasyon sa a.

    About the Authors

    Natalie Seymour, MS, Ekstansyon asosye; Mary Yavelak, MS, Ekstansyon asosye; Candice Christian, MPH, Ekstansyon asosye; ak Ben Chapman, pwofesè, espesyalis nan sekirite alimantè; NC State University Extension. UF kontak: Michelle Danyluk, pwofesè, Depatman Syans Alimantè ak Nitrisyon, UF/IFAS Citrus Research and Education Center, Lake Alfred, FL | mddanyluk@ufl.edu | (863) 956-8654. Emmanuel Duvalsaint te tradwi dokiman sa a.

    Contacts

    • Michelle Danyluk