Jere COVID-19: Pwodwi jaden ak izin anbalaj yo 1
Pandan ke pa gen prèv ki asosye viris COVID-19 la a yon pwoblèm sekirite alimantè, li se yon pwoblèm sante pou travayè yo paske li pwopaje l pa kontak moun ak moun oswa lè w manyen yon sifas ki kontamine. Manje pa parèt tankou yon kòz ki favorize transmisyon COVID-19 la, men menm pratik yo itilize pou evite maladi ou ka pran nan manje, menm pratik sa yo ta dwe itilize pou diminye chans kontaminasyon COVID-19 la nan nan pwodwi alimentè ki fre yo epi risk pou COVID-19 ta simaye l pami travayè agrikòl yo ak sa kap travay nan izin anbalaj yo.
Kominike ak Travayè yo
-
Edike anplwaye yo sou sentòm COVID-19, kijan li simaye l epi kijan pou diminye pwopagasyon maladi a. Mande travayè yo pou yo rete lakay yo si yo malad (tous, gòj fè mal, lafyèv, dyare, vomisman, elatriye.).
-
Kèk anplwaye ka bezwen ou asire yo ke yo pap gen anyen si yo pa al travay akòz maladi a, tandiske gen lòt moun ki pa ta renmen pèdi nan chèk yo akòz maladi a. Gen yon plan epi pale ak anplwaye yo davans pou konn kijan w pral jere sitiyasyon sa yo (konje maladi peye, elatriye).
-
Pandan jounen an tout anplwaye yo dwe lave men yo souvan ak savon ak dlo pandan 20 segonn. Sa vle di lè yo rive nan travay yo, anvan yo manyen yon manje, aprè poz yo, aprè yo sòti nan twalèt.
Dezenfekte Ekipman, Zouti, ak sifas yo
Pandan COVID-19 la oswa tout lòt epidemi, ogmante kantite fwa nou konn netwaye ak dezenfekte pou pwoteje sante travayè yo. Dezenfekte kote nou pa konn netwaye chak jou yo tankou biwo administratif yo, kamyon ki konn ale nan jaden yo epi espas kote yo konn pran poz yo.
-
Netwayaj epi dezenfekte se 2 etap apa epi yo ta dwe fèt nan lòd. Netwayaj retire pousyè epi li enpòtan pou w itilize savon/detèjan ak dlo.
-
Zouti ke anpil anplwaye itilize ta dwe netwaye epi dezenfekte anvan yon lòt anplwaye itilize yo.
-
CDC rekòmande pou w itilize dezenfektan ki sou lis EPA a ki sou sit entènèt https://go.ncsu.edu/epacovid-19.
-
Nòt : lis sa a baze sou done aktyèl; pako gen pyès konpoze ki valide pou inaktive viris ki lakòz COVID-19 la.
-
Ou ka itilize klowòks pou dezenfekte sifas yo, men konsantrasyon w ap itilize pou COVID-19 la ap pi fò ke sa w konn itilize pou fè netwayaj chak jou a: 5 kiyè klowòks nan yon galon dlo.
-
Netwaye panye pou rekòlte, sachè, tabliye, kouto yo, elatriye chak fwa w finn itilize yo. Lave rad yo ak detèjan nan dlo cho epi netwaye sifas yo ak dezenfektan. Swiv konsiy CDC yo sou fason pou w fè lesiv sou sit entènèt https://go.ncsu.edu/cdclaundry.
-
Pandan jounen an dezenfekte kote yo manyen anpil yo tankou manch pòt, volan machin, klavye yo, ekran, elatriye.
Ijyèn ak Pwoteksyon Ekipman Pèsonèl
-
Sanitayzè a se yon diplis men ou dwe toujou lave men w. Mete sanitayzè/dezenfektan pou men pou anplwaye kap rekòlte yo epi sila yo kap anbale pwodwi yo oswa mete pwodwi yo nan sachè.
-
Dekouraje anplwaye yo pou yo pataje telefòn, zouti, chodyè, machin elatriye.
-
Yo dwe bay tout anplwaye kap manyen yon pwodwi gan ki dwe itilize yon sèl fwa epi yo ta dwe chanje yo lè yo kontamine (lè men yo manyen po yo oswa tè a). Lè gan yo anpeche travayè a fè travay li (rekòlte, mete etikèt, elatriye.) li ta dwe lave men l oswa itilize sanitayzè souvan.
-
Travayè yo ta dwe mete yon mas an twal lè y ap travay tou prè yonn ak lòt. Travayè yo ta dwe konn kijan pou yo mete mas yo kòrèkteman pou evite maladi oswa blese.
Distans ak Kòwòt/gwoup
-
Mande travayè yo pou yo kite 6 pye distans yonn pa rapò ak lòt. Yon sèl anplwaye dwe nan machin nan alafwa epi mande chofè machin nan pou l dezenfekte kote yo manyen anpil anndan machin nan anvan li finn travay.
-
Lè sa pa posib pou travayè yo rete 6 pye distans yonn pa rapò ak lòt, konsidere divize travayè yo an gwoup. Gwoup sa a ap travay ansanm pou dire epidemi an.
-
Pa egzanp, divize an 2 gwoup travayè kap travay nan seksyon anbalaj la, chak gwoup ap vini travay nan orè/lè pa yo. Premye gwoup la ap netwaje epi dezenfekte ekipman ak espas yo travay la anvan lè travay yo fini, epi y ap kite 15–30 minit pase ant lè premye gwoup la finn travay la ak lè dezyèm gwoup la pral kòmanse travay pou evite kontak ant anplwaye premye ak dezyèm gwoup la.
-
Biznis ki piti yo ka konsidere pou yo gen 2 gwoup, yon gwoup pou al rekòlte epi yon lòt gwoup pou fè anbalaj, konsa 2 gwoup yo pap rankontre pandan jounen travay la. Anplwaye kap viv nan menm kay ta dwe nan menm ekip oswa gwoup. Kòwòt/gwoup travay redwi risk pou w pèdi tou mendèv ou, tankou si yon anplwaye ap travay ansanm ak tout lòt anplwaye yo ta teste pozitif pou COVID-19.
-
Anplwaye kap viv nan menm kay ta dwe nan menm ekip oswa gwoup/kòwòt.
-
Kòwòt/gwoup travay redwi risk pou w pèdi tou mendèv ou, tankou si yon anplwaye ap travay ansanm ak tout lòt anplwaye yo ta teste pozitif pou COVID-19.
Sante Anplaye yo
-
Biznis yo ta dwe swiv konsèy CDC ak FDA pou depiste anplwaye ki ta ekspoze ak COVID-19.
-
Fè yon depistaj preliminè pou anplwaye yo pou w wè si yo gen kèk sentòm tankou lafyèv anvan yo kòmanse travay.
-
Anplwaye yo ki gen lafyèv ak lòt sentòm ta dwe konsilte yon doktè epi yo ta dwe refere yo bay Resous Zimèn pou lòt etap yo.
Pou plis enfòmasyon, vizite: www.cdc.gov/coronavirus/2019-ncov
(800) 232-4636